Telemedsin
BCBSNC ap agrandi sèvis telesante li yo atravè Teladoc Health ak Primary360*. Avèk Primary360, manm yo ka konekte regilyèman, pa telefòn oswa videyo, avèk yon doktè sètifye Ozetazini ansanm ak yon Ekip Swen enfimyè ak asistan medikal dedye. Ansanm, y ap kreye yon plan swen pèsonalize pou ede w atenn objektif sante alontèm ou yo, kowòdone swen atravè yon seri sèvis epi bay sipò kontinyèl.
Manm ki enskri nan plan Liberty Basic, Standard, ak Premium yo gen aksè a Primary360, ki gen ladan sèvis ki anba yo, pou yon kopeman $0.
- Swen Prensipal Vityèl – tchèkòp anyèl, jesyon sante jeneral ak plan swen ki ofri pa yon doktè sètifye Ozetazini ak yon Ekip Swen dedye.
- Swen Entansif – tretman disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7 pou kondisyon ki pa ijans ak kondisyon komen atravè randevou menm jou a.
- Konsèy Sante Mantal – vizit pa telefòn oswa videyo avèk terapis oswa sikyat ki gen lisans
- Konsèy sou Nitrisyon – sipò pèsonalize ak konsèy pou manje an sante ak byennèt jeneral ofri pa dyetisyen ki anrejistre.
*Manm ki enskri nan plan HPN lan p ap gen aksè a Primary360 men y ap toujou gen aksè a konsiltasyon swen egi ak sante mantal Teladoc yo pou yon kopeman $0.
Konsiltasyon dèrmatoloji disponib sou tout plan yo nan kopeman Espesyalis la.
Ou kapab tou ajoute yon moun ou renmen w ap pran swen sou kont Teladoc ou epi fè vizit nan de oswa twa fason ak yon doktè. Ou pral responsab pou depans total vizit moun kap bay swen an, ki anjeneral $47 oswa mwens pou chak vizit.


